Yon Demand

Adly Mondestin - February 16 2018, 12:47 PM

Adly Mondestin, MBA
(786) 487-1892
amondestin [at] headlionsecurity.com
www.headlionsecurity.com

Mesyen Prisidan Moïse,

Mwen se yon profesyonèl Ayisyen ki ap viv an Amerik (America).

Mwen ap planifye pou mwen desan lakay pou mwen ka al kreye yon antrepriz ki regle diferan fòm aplikasyon (software) enfòmatik pou ede govènman ak tout lòt fòm de antrepriz ki vle antrepriz yo travay pi byen e pli vit.

Mwen kreye aplikasyon ki ka pab konekte tribinal, prizon e depatman polis ansam pou yo ka kennen lè yon moun jwen arestasyon, dat li rantre nan prizon, dat li sipoze wè jij e plis. Aplikasyon sa pwal ede sistèm jistis lan kennen an total konbyen moun ki nan prizon e ki lè yo sipoze soti pou moun pa sèvi yon santans ki depase krim yo fè an. Aplikasyon an pral osi bay lapolis plis priorete pou fè travay yo pi byen. Pa egzanp, yon polisye pral ka antre nimero plak yon oto (oto mobil ou moto siklèt) nan yon tablet ou byen òdinatè ou nimewo lisan chofè an e wè si ke chofè sa genyen kontra vansyon ou pa. Yo pral ka wè si plak yon oto mobil ou lisan yon chofè anrejistre ou pa ou byen si li dat espirasyon li pase e chofè an ap kondwi ilegal.

Aplikasyon an pral osi bay polis avatj pou jwen yon moun ki nan problèm ak leta. Egzanp, si yon moun fè yon kim nan vil Port-De-Paix e polis ap chache li kote moun sa al kache Port-Au-Prince, avèk sèlman kat idantite li e foto li ki pral antre nan aplikasyon sa pral pèmèt ke polis idantifye moun sa trè fasil.

Lòt aplikasyon antrepriz lan pral devlope pou ede peyi an se yon aplikasyon kote kèl keswa kote nan peyi yon moun depoze yon paspò ou byen ak de nesans, ektèdachiv, kat edantite eplis, Achiv Nasyonal pral ka jwen enfòmasyon sa nan menm jou an. Sa plal pèmèt ke bagay yo mache pi vit nan payi an.

Pou lekòl you antrepriz lan pral gen yon aplikasyon ki konekte tout lekòl nan peyi an kote tout etidyan pral gen menm opòtinite pou aprann nan menm nivo. Profesè e edidyan pral ka kominike antre yo sou tout peyi an pou aprann de youn a lòt.

Mwen beswen kennen èske ou ka ede mwen Prisidan Moïse, pou mwen ka al kreye antripriz lan, tanpri fèm konnen pa email mwen ou byen telefòn èske ou ap ka ede'm ouvri antrepriz sa. Mwen deja gen majorite nan aplikasyon yo, men mwen beswen konnen èske m'ap ka jwen kontra ak Peyi an pou mwen ka ede bagay yo fèt pi byen.

REPLY to this message

Return to Message List

Comments

Carol Merceron says...

Sa se oun tres bon projet pou Ayiti, compliments! more »