President Jovenel Moise t'ap toujou pran nan sa li pran an. Ban m esplike w

Ronaldo Philippe - July 9 2018, 7:54 AM

JOVENEL t'ap toujou pran nan sa li pran an. Mwen pwral esplike w.

Banm ba ou yon ekzanp sou mwen menm avan.

An 2015 mwen te gen 2 menaj.

Mwa fevriye vin rive, mwen promèt tou lè 2 chokola.

Lè 14 fevriye rive, mwen gen 500 goud nan men m. Mwen rentre nan yon makèt mwen mande konbyen yon chokola vann, yo di m 500 goud.

Alò se 2 chokola mwen bezwen, mwen gen 3 chwa devan m:

Swa mwen kite yonn nan menaj yo,
oubyen mwen kite tou lè 2,
oubyen mwen ale sere.

Ebyen se nan sa prezidan Jovenel pran la a.

Podyab, tout moun ka wè li gen anpil vizyon pou peyi a. Li promèt tout peyi a, e lajan ki nan kes leta paka reponn a promes li fè yo.

Li vinn rive nan yon sitiyasyon

1) swa li pa reponn a promès li yo
2) swa li fòse pèp la peye taks oubyen
3) Li monte pri prodwi yo pou l reyalize pròmès li yo

REPLY to this message

Return to Message List