Alo Prezidan Jovenel Moise, kisa w gen nan djakout ou pou vil Hinche?

Woodring St Preux - November 2 2018, 9:46 AM

Pandan ke mwen kontan bèl travay Prezidan Jovenel fè nan vil Bèladè, mwen tris anpil, paske mwen se moun Hinche, Ville Charlemagne Peralte la, Chef lieu depatman sant la.

Hinche ta dwe bèl menm jan ak lòt vil nan depatman an, pi bèl menm, paske se li ki kapital depatman an. Men sanble leta santral pa gen okenn plan pou vill Hinche, vil Charlemagne Peralte la. W a di Chalmay te mouri pou Hinche sèlman.


PHOTO: President Jovenel Moise ak ansyen Delegue Departemental Georges Garnier nan ville Hinche

W a di Chalmay te bay vi l pou granmesi.

Alo Prezidan Jovenel, kisa w gen jan djakout ou pou vil Hinche?

Propriyetè sit entènèt www.JovenelHaiti.com se yon moun Hinche ki pran plezi l nan voye w monte.

Fè yon jès, prezidan! Moun Hinche renmen bèl bagay tou!


PHOTO: Prezidan Jovenel Moise ak Timoun yo nan ville Hinche

REPLY to this message

Return to Message List