Haiti - Message de Mme Odette Roy Fombrun après avoir rencontré le président Jovenel Moise

Jovenel Nouvel - October 11 2017, 6:26 PM

AYISYEN TOUPATOU !
ONÈ RESPÈ
Odette Roy Fombrun

Menm jan mwen te rele anmwe kont fatra, mape rele anmwe kont manifestasyon ak grèv kape kraze sosyete a ak ekonomi peyi a. Fòk sa sispann paske nou vle pitit nou ale lekòl e nou pa vle tank MINUSTAH tounen nan peyi a.

FOK NOU DYALOGE.

FOK NOU FÈ KONBIT

WI SE VRE prezidan Jovenel vini lakay mwen madi maten.

Nou konnen mwen te kritike l epi mwen te mande li fè DYALOG.

Vizit la te long paske li te enteresan anpil.

Nou te brase lide sou pi fò pwoblèm peyi a ak solisyon ki posib.

Mwen di li sou kisa mwen dakò ak sou kisa mwen pa dakò.

Enpe moun pap kontan sa mwen pwal di a men fòk mwen di li byen fò pase se laverite.

Mwen fè rankont ak enpe prezidan.

M ka di se premye fwa mwen pale ak yon prezidan mwen sòti satisfè tout bon vre. Li konnen tout dosyé yo, li konprann pwoblèm pèp la, li klè ak presi sou tout bagay.

Mwen vin konprann pwogram li ki pa tankou tout pwogram lontan yo. Yo special tankou KARAVAN nan ki se you gwo konbit gouvènman li ak popilasyon lokal yo pou rezoud enpe pwoblèm lakay, ogmente pwodiksyon nasyonal ak favorize devlopman.

Sa ki manke vre se bon jan eksplikasyon, transparans ak kominikasyon.

Mwen swete li reyisi tout bon vre pase pwojè li yo bon pou peyi a ak bon pou majorite nasyonal la.

Li pa politisyen pase li ta pwofite pwoblèm BIDJÈ a pou regle enpe lot pwoblèm politik tankou pwoblèm Lajistis.

Li di se you bidje pwogram, men pifo moun pa konpran sa. Ositou li pwal blije tounen sou li pou fè moun konprann sa li ye e pou fè bonjan antant.

Mwen felisite li pou mobilizasyon li komanse fè pou rekonstrisyon Palè Nasyonal la e nou enkourage li fè mobilizasyon pou rekanpe Potoprens ak boulva bisantnè a ki se pòt antre lakay.

Men sitou FOK LI FAVORIZE EKSPLWATASYON RICHÈS KI TOUPATOU AN DEDAN PEYI A POU FÈ AYITI KANPE, PRAN PLAS KI SE PA LI:

AYITI SANT ISTORIK AK KILTIRÈL KARAYIB LA

REPLY to this message

Return to Message List