President Jovenel Moise ap soufri yon enjistis ki ranpli ak diskriminasyon

Duvalieriste Jus Nan Zo - October 5 2019, 5:46 PM

Jovenel ap soufri yon enjistis ki ranpli ak diskriminasyon.

"Si se te Laurent Lamothe ki te prezidan se sur yo patap trete'l konsa" Jovenel ap sibi enjistis saa paske l se tinèg an deyò, pitit sòyèt ki fè efò.

Pitit sòyèt pa dwe anyen nan peyi saa. Ann fon'w senp refleksyon.

Yo itilize menm pèp ki te vote Jovenel la pou yo jete'l.

1- Yo vle Jovenel ale paske non l nan rapò petwokaribe.

Bon mezanmi, Èske se non Jovenel sèl ki nan rapò a?

2- Yo vle Jovenel ale paske yo di l pap regle anyen.

Men senatè kap mandel poul ale yo, yo menm tou yo pap regle anyen.

"Men se Jovenel sèl ki pou ale"?

3- Yo akizel de koripsyon.

Èske l ka fè koripsyon an pou kòl?

Sil se koriptè kot kowonpi yo?

4- Yo vle l ale paske gen 7 etranje sispèk ki te vin nan peyi a. Èske Jovenel se minis jistis?

Pouki se li yo rann responsab sa?

Pèp la vote yon bann fatra met nan palman'an. Genyen k fè vi yo ap fimen bòz. Men kòm son pèp salòp se li yo chwazi vote. Paske si kochon pa al nan mache merilan pap vann. Tout fatra sa yo pèp salòp sa vote a pap regle anyen.

Pounksa se tèt Jovenel sèl ki merite koupe?

Epitou kot militan PHTK yo?

Kisa k anpeche yo pran lari a tou pou defann prezidan yo a?

Pèp la tèlman sòt, yo fin vote on prezidan, yo kite advèsè prezidan'an itilize menm yo menm nan ankò pou jete prezidan yo a. Lè w annafè ak yon pèp ki sòt konsa.

Menm siw wèl vote w ou pa asire.

Yo manipilab.

Nenpòt lè advèsèw ka soulve yo kont ou.

REPLY to this message

Return to Message List