Cotes-de-Fer, Sud-Est

Jean Felix Moise - April 21 2020, 6:22 PM

Slt Mr. Prezidan.

Mwen rele Jean Felix Moise, Pitit Paris Moise ( Ansyen Depite 45em Lejislati pou Cotes-de-Fer)

Komin lakay mwen Mr. Prezidan vrèman gen yon gran pwoblem pou aksè ak dlo nan tout komin nan sitou Seksyon yo ki bezwen dlo a pa selman pou yo bwè men pou jaden.

Prezidan!
Mkonnen ou kapab, svp pa kite lot moun fèw pèdi wout misyon ou kise soti Peyi a nan Trou ke li ye an.

Cotes-de-Fer gen plizyè bezwen men Dlo a se tankou San ki nan venn li ke li gen bezwen pou ke li kapab kontinye viv.

Mkonnen ke se akoz Komin nan pagen otorite lokal ki vrèman gen vizyon pou komin nan menmjan ou gen yon gran vizyon devlopman pou Peyi a.

Prezidan! Mdiw mèsi davans pou ke Dlo an ou pral bay tout Cotes-de-Fer pou ke nou ka bwe e servi pou jaden.

Mesi Prezidan

Jean Felix Moise
MoiseJ83 [at] Gmail.com
www.Travolado.com

REPLY to this message

Return to Message List