Yon Fim Skip Sou Istwa De Toussaint e Revolision Ayisien-an (Major Film Script On Toussaint Louverture and The Haitian Revolution)

Frantz T Excellent - April 29 2021, 10:13 PM

Bonswa Mesiyé Preziden D-Ayiti, Jovenel Moise:

Mwen trèman fiyè mwen kapab ekri ou mesaj sa-a.

Sil vou plè, eskizé jan mwen ekri kreyol-an. Mwen pa twò fò la-dan.

Mwen relé Frantz Tobie Excellent.

Mwen te né Nassau en 1969 min paren mwen, tout de, se Ayisien.

Mwen mim, frè-m e manman-m te kité Ayiti dépi 1977 pou Miami, Florida.

Se la papa-m te yé.

Depi lè sa-a, nou viv nan état zuni. Lè mwen vin gran, mwen kité Miami e mwen al viv Filadelfi.

Aprè sa-a, mwen té al viv New York, Chicago e aprè sa-a, mwen retounin nan katiyé andeyò Filadelfi ankò.

Pou tèt m-ap ekri-ou, Mesiyé Preziden Moise...

Mwen sòt ékri yon fim ki kouvri tout istwa Ayiti komanse nan 1743 juska 1 Janviye 1804. Li kouvri nésans Toussaint Breda e tout efè historik ki té pase nan istwa en Eròp, Amerik e Saint-Domingue.

Istwa-a kouvri la vie Toussaint e tout lot gran nèg-yo, gran fam-yo, gran karaktè-yo, ki sòti kom éro, lidè e villin pou independans Ayiti--Dessalines, Kristophe, Rigaud, Petion, Boyer, Boukman, Fatima, Toya, Suzanne, etcetera...

yo tout.

Sil vou plè, avek pèmision-ou, mwen ta rinmin fè kontak o apwintman avek-ou pou mwen kapab fè introduksion tèt mewn e prezenté projè sa-a devan-ou e gouvènmen Ayiti-an.

Mwen wè e mwen apresiyé tout efò wàp fè nan peyi-an. Mwen vrèman apresiyé-ou kom lidè Ayiti.

Mwen gin 51-an. Prèske mim laj avèk ou. Ou te resevwa yon destin nan lavi-a pou ou te kapab pran fadó e pozision lidè pou peyi D-Ayiti.

Sa se yon gran chaj. Ou te di 'WI' e w-ap poté chaj sa-a. Mim jan, pandan epidemik sa-a, mwen te desidé pou mwen pran chaj pa-m. Mwen te chita e mwen kòmanse ékri skrip sa-a de istwa peyi manman-m, papa-m, peyi pa-m. M-prèske pat kòn anyin de peyi Ayiti.

Definitivmen, m-pat kon anyin de istwa peyi-an. Projè sa-a louvri jé-m, konprehension-m, kouraj mwen pou-m kapab ékri ou e mandé atansion ou pou edé-m avèk projè sa-a, sil vou plè.

Skrip sa-a sé yon gro projè li yé.

Mwen gin plis ké 800 paj ki kapab fè yon sézon, 14 episòd e plis, de istwa nesans Ayiti.

Mwen ap travay pou mwen kapab van ni avek Netflix o ninpòt sèvis stream pou tout Ayisien le-mond antiyé kapab jwen aksè li.

Mwen ta rinmin mandé-ou, sil vou plè, si Peyi D-Ayiti, gouvèmen D-Ayiti kapab sipoté e pran yon gran pozision pou finansé projè sa-a. Si se pa gouvènmen-an sèlman, min si gin patnè biznis nan finans, gouvènmen-an sipòte, pou pousé projè sa-a kom realité.

Mwen ta vle, lè nou al prale negosiyé avèk Netflix o sèvis stream, pou réprézentif Gouvènmen D-Ayiti kapab la tou, pou protéjé l-interè li. Mwen ta rinmin wè, lè projè sa-a fini, pou peyi D-Ayiti pran kontròl projè sa-a kòm Mèt. Pou nin pot resous k-ap vini nan future-an, prale dirèkman pou peyi-an.

Sa se bu mwen pou projè sa-a. M-ta vle se kontribision pa-m, kòm pitit Ayisien, pou peyi paren mwen, peyi famiy mwen, peyi moun mwen yo, e peyi pa-m.

Mèsi an avans.

Mwen pa konin si email sa-a ap trouvé-ou. Mwen ésperé li jwen ou an bon santé, ou mim e famiy-ou, e peyi D-Ayiti.

Mèsi an avans.

Sinsèrmen,

Frantz Tobie Excellent
f.excellent [at] gmail.com
+1-610-653-4362

REPLY to this message

Return to Message List