President Jovenel Moise, mwen swete ou kenbe sa w di yo, tè, soleil, dlo yo...

Duver Sou Facebook - November 29 2016, 1:06 PM

President Jovenel Moise, mwen swete nou mete tet ansanm, mwen swete ou kenbe sa w di yo, tè, soleil, dlo yo. Mwen swete mwen ka antre vin envesti nan peyi m.

Mwen swete ou tande bri pep la nan sikonstans li ye a.

Mwen swete ou se Ti David ki soti nan jaden an vin ede pep la.

Mwen swete ou panse ak chak grenn moun, mete Lekol, Universite pou chak grennn moun, ou konn mizè pep la, ke w panse ak sak pi pov yo paske w pase ladan li, ou konn sak mizè mwen swete sekirite etabli.

Ke Bondye ouvri je w, ke Bondye fe nou mete tet ansanm pou nou rebati yon lot peyi

Prezidan, Dyaspora ave w jiskobou ke Ayiti reviv yon lot istwa chak moun viv ak lot san youn pa rayi lot peyi avan tou san kesyon pesonel nou se Ayiti, Ayiti se nou, san nou paka gen Ayiti.

Anpil Love pou chak tap tann chamjman ke nou mete tet ansanm pou nou viv.

Ke Bondye beni pep Ayisyen ke lapè regne sou tout teritwa anpil love pou nou

REPLY to this message

Return to Message List