Haiti - Kek ti pwen nan bidjè 2017 - 2018 la

Information Phtk - September 16 2017, 4:19 PM

1- Moun kap peye 10 mil goud la se moun ki pa peye enpo lokatif yo a lè.

Ki ta peye l 4 mwa aprè oktob.

2- Pou afè moun kap anfèmen moun kay, li ant 6 a 10%.

Pi piti ke 35 mil goud 6% men pi wo ke 35 mil goud se 10%.

Poutan avan li te 17%.

Sa vle di li desann.

3- Yon pwofesè lise gen ogmantasyon plis ke 10%.

Moun kap pwopte nan lopital yo gen yon ogmantasyon de 21%.

Chak medsen ak espesyalis gen yon ogmantasyon de 5000g.

Gen plan pou peye yo a lè e bay tout pwofesè ki pot ko nome lèt.

4- Kat Idantifikasyon nasyonal gratis.

5- Paspò se 1200 dola men pou 10 lane. Yon livrè paspò koute leta ayisyen 75 dola ameriken paske se Etazini, Frans ak Almay ki fè yo. Leta mande 1200 dola ayisyen an pou l ka achte livrè yo ak fè yon ti benefis.

6- Moun ki pap travay pap peye impôt sur le revenu.

Se moun kap travay selman e daprè rantre w.

M fè yon rezime de sa Liberus di ki se sekretè minis yo.

1- Yon km wout te konn koute leta anpil milyon dola men kounya gouvènman sila fè l koute pi piti ke mwatye paske l itilize materyel CNE yo. Sa fè moun ki tap jwenn kontra wout yo voye pye.

2- Lajan leta peye pou l achte kouran nan men prive a kapab repare materyèl EDH yo ak achte lot materyèl pou Ayiti gen kouran 24/24. Gen vil nan peyi a ki komanse gen kouran 24/24 ak 7/7.

Poutan olye prive a vann kouran li vann nou blakawout paske sa leta gen la yo paka founi kouran 24/7.

Kom leta ap fè gwo efò kob sa yo pral rete nan poch leta. Alò moun ki pap jwenn li anko fache.

Men kek rezon ki fè yap bay pèp la manti.

Ann jije mezanmi ak wè ki moun ki rayi pèp la.

Nèg jije ke politik Prezidan Jovenel la ap fè yo sispann souse alò yo pale tout tenten.

REPLY to this message

Return to Message List

Comments

Dagno says...

gen bagay ki avant tout lot bagay....poum di gen sa ki pi important ke yon lot an nou imajine gen yon serie de desizyon ki pran ki koz pouvwa... more »