yon lot Haiti

Gregoire B - November 15 2019, 11:25 AM

Bonjou son Excelans Presidan Jovenel Moise

mem le m pa jam fanatik chef, fok mwen felisite w pou travay u ak kouraj nan tet peyi Hayti.

Sa fe plis ke 215 an ke jan de dezod sa ap repete an Hayti peson'n pa jam di anyen.

se kom si chef yo pa jam reflechi.

Excelans mwen ta renmen avan lontan pouw fe soti yon decre ou yon lwa ki konte barikad nan tout fom. konsa sa kapab ede la polis kraze barikad yo e arete nimpot moun kap fe sa ou kap ankouraje moun fe sa. paske nan demokrasi yon lot moun pa dwe anpeche yon lot regle afe pal ou vake nan aktivite l.

yon lot bagay se van'n gazolin'n nan bokit bo lari tout moun ki vle van gaz ki paka gen yon pomp pou kont yo dwe groupe yo an asosasyon pou yo fe yon pomp asosye.

paske sa se yon gwo danje piblik ki kreye anpil lotdezod.

tout anteman kap pase nan lari dwe genyen avek li yon'n ou 2 polis devan kotej la ak yon otorite meri a

ban'n madigras, manifestan, ban'n rara. pa dwe bloke lari se pou yo gen yon kod pou sekirize perimet yo ap pase a et polisye pou sekize yo. et fok ban'n sa yo gen yon otorizasyon la meri an kolaborasyon ak la polis.

merci anpil anpil
mwen genyen lot koze toujou si u interese wa ekri

REPLY to this message

Return to Message List