Mésaj pou prézidan Jovenel

Patrick Princivil - August 3 2018, 10:59 AM

Prézidan Jovenel!

Mwen félisitéw paskéw rékonsilyé ak chèf polis la.

Mwen félisitéw pou bèl travay wap fè nan péyia.

Men, répwoche mwen fèw:

Lèm té pwopozéw pou mal travay an Ayiti poum itil péyim, ou pa pété nan koton banm santi; lè Michel Martelly té prézidan, li té fèm menm bagay la; nou préféré fèmen opsyon pou moun kité mésaj la.

Mwen pa yon moso bwa, mwen pansé menm siw ta banm yon répons négatif sélon sam té mandéw la, mwen tap satisfè kanmèm.

Sé Canada map viv: mwen pa memm bézwen ti travay nan palman Ayisyen soutou menm pwòp. Pou démontréw mwen pa gen foli pou vwa; siw konprann mwen bézwen ti travay nan men nou?

Péyé yon plas poum dòmi ak madanm mwen ak tout 3 pitit nou, asiré manjé pounn mété nan po vant nou ak lopital.

Nou tout ap rantré an Ayiti épi métém nan yon plas gratis nan léta pou 6 mwa; siw renmen travay mwen fè yo wa banm dyòb la: de jou a viv. Mwen jis ta renmen wè péyim maché poum tounen lakay mwen.

Madanm mwen sé Jamaïcaine natiralizé Kanadyèn

Li té ka itil Ayiti.

Li pasé 8 ans nan inivèsité o Canada nan kou administrasyon ak gésyon, nou tout fè kontablité etc..

É nou onèt. Sé pa mwen nap méprizé, apa Ayiti ap plonjé nan tintin?

Ranjél poukont nou.

Imajinéw: siw ta vini fè fund raising o Canada tout diaspora ta méprizéw épi yo pa baw yon goud, kijanw tap santiw?

Sim té yon kriminèl ou ta fèm sa, mwen pa tap gen pwoblèm ak sa.

Mwen gen menm pwòp dépi an Ayiti rivé jis o Canada;sa vlé di: mwen pa janm gen menm tranpé nan okenn zak malonèt ak koripsyon
ni an Ayiti ni o Canada.

Si map ofriw sèvis wap méprizém, poukisa wap plenyen kont koripsyon?

Sé pi myé ou pa palé de sa.

Sé pi myé ou pa kité plas sou blog la pou moun kité mésaj pouwou.

REPLY to this message

Return to Message List