Prezidan Jovenel Moise konpliman pou yon viktwa byen merite

Mary Charles - December 1 2016, 11:28 AM

Prezidan Jovenel, sete avek anpil pasyans mw te rete devan radio poum tap tan nouvel rezilta eleksyon yo malgre mw te deja tre sur de yo paskem te we koman pep Aysyen an te vote. Se te tou avek anpil kontantman le byen ta rezilta yo te tonbe.

Map pwofite de espas sa poum di Prezidan Jovenel konpliman pou yon viktwa byen merite, yon viktwa ou lite pou li anpil.

Lit san rete ou te Mennen pouw te arrive a viktwa sa se yon gawanti fomel so kantite lanmou ou gen nan kew pou pep Aysyen an.
Map mandew Prezidan pouw kontinye itilize entelijans ou ak sajes ou nan jesyon peyi sa. Se pa yon peyi ki fasil pouw dirije.

Anpil gwo neg save pase anvanw e yo pa bay rezilta.

Men map diw, siw mete vreman o sevis pep la, ou panchew sou pwoblem ki gen plis pase desan lane ke peyi sa ap soufwi, me si e seten ke wap arrive fe yon diferans.

Kenbe pwomes ou sou lagrikilti, devlopel, modenizel pou pep la ka bay tet li mange.

Refome lekol pou timoun yo gwandi ak plis sans responsabilite sivik pou yo ka vin bon sitwayen demen, epi met travay pou la pe ka table nan sosyete a. Fe apel a konpetans, onetete ak devouman.

Me swetew bon chans.

Ke BonDye beniw et kel beni Ayiti.

Mary Charles

REPLY to this message

Return to Message List